Apropo
MEGA TECH HAITI
An nou itilize entènèt pou entènèt pa itilize nou !

Sa ou dwe konnen de MTH
A Propo de MTH (Mega Tech Haiti)
Mega Tech Haiti (MTH) se yon òganizasyon ki fonde depi 2017, ki espesyalize nan teknoloji ak inovasyon dijital. Nou bay fòmasyon pwofesyonèl nan plizyè domèn enpòtan tankou digital marketing, dropshipping, reparasyon telefòn, ak plis ankò.
Anplis fòmasyon, nou ofri tou divès sèvis teknolojik tankou vant POS machine, distribisyon telefòn ak gadjèt elektwonik an gwo. Nan MTH, nou kwè nan pouvwa teknoloji pou bay moun plis opòtinite epi ede antreprenè ak pwofesyonèl devlope biznis yo.
Antre nan kominote nou an jodia pou w avanse sou wout siksè w nan domèn dijital ak teknoloji!
“An nou itilize entènèt pou entènèt pa itilize nou !.”

Onetruslee Francois
CEO
EKIP MTH LA
Nou gen yon ekip konplè ak tout kopetans w’ap bezwen pou reyalize rèv ou
Misyon nou
Misyon Nou ak Slogan Nou
Nan MTH, misyon nou se louvri zye jenès Ayisyen an pou montre yo ke, malgre tout defi peyi a, avèk yon smartphone ak yon koneksyon entènèt, tout bagay posib. Entènèt la se yon pòtay opòtinite ki pèmèt chak moun devlope konpetans li yo epi reyalize endepandans finansye.
Slogan nou an:
Ann itilize entènèt pou entènèt pa itilize nou.
Avèk apèl sa a, nou envite chak jèn Ayisyen pran inisyativ, kreye, epi bati yon avni miyò atravè teknoloji. Se tan pou nou pran kontwòl, inove, epi transfòme rèv nou yo an reyalite!
