Become a freelance with MTH

An nou itilize entènèt pou entènèt pa itilize nou

  1. Ak yon koneksyon entènèt yon smartphone ou yon laptop tout bagay posib.
    limit la depann de  imajinasyonw !!!

Kisa ki yon Freelancer?

Yon freelancer se yon moun ki travay endepandan epi ki ofri sèvis pwofesyonèl bay diferan kliyan oswa konpayi san angaje nan yon kontra travayè alontèm. Yo ka travay nan plizyè domèn tankou grafik, ekriti, pwogramasyon, tradiksyon, fotografi, oswa konsepsyon. Freelancer yo souvan chwazi pwòp orè yo epi travay depi kote a apwopriye pou yo. 

Twa etap enpòtan pou vini yon Freelancer

Idantifye konpetans ou yo

Dekouvri sa ou bon nan li a! Si ou gen kapasite nan konsepsyon grafik, ekriti, pwogramasyon, oswa nenpòt lòt domèn, konsantre sou fòs ou yo. Ou ka menm swiv fòmasyon sou entènèt pou ranfòse konpetans ou si sa nesesè.

Kreye pwofil ou

Fè yon prezantasyon ki mete an valè travay ou ak eksperyans ou yo. Itilize tribin tankou Upwork, Fiverr, oswa LinkedIn pou mete pwofil ou a devan kliyan potansyèl yo. Mete egzanp travay ou te fè deja si sa posib.

Fè pwomosyon

Konekte ak lòt moun nan endistri ou a epi pataje sèvis ou yo. Ou ka itilize medya sosyal oswa ale nan reyinyon pwofesyonèl pou fè moun konnen ou egziste. Pa pè fè  pwomosyon sou travay ou!

Kisa MTH ye ?

Mega Tech Haiti: Se yon òganisasyon ki espesyalizel nan zafè teknoloji, ki bay fòmayon sou divès domèn tankou Digital Marketing,Dropshipping,Ecommerce, Depanaj Telefòn ak anpil lòt ankò
Nou vann gadget elektronik e nou bay anpil lòt sèvis ankò.

Objektif MTH: Se montre ou opòtinite ki gen sou entènèt la ,ak yon smartphone  ou yon laptop plis yon koneksyon entènèt w’ap ka rive gen endepandans finansyè.

Kèk nan sèvis nou bay

Fòmasyon

Nou bay fòmasyon divès domèn tankou Digital Marketing-Ecommerce-Dropshipping-Depanaj telefòn-Graffic design-kreyasyon sit web ak anpil lòt ankò.

Marketing

Nou fè pwomosyon pou biznis,pwodwi ak sèvis pou jwen plis vizibilite e atire nouvo kliyan.

Vann & shipping

Nou vann Gadget elektronik ak telefòn an gwo e o detay. Nenpòt
sa ou achte sou entènèt nap fel rive lakay ou.

POS machine

w’ap jwenn tout ekipman pòs yo nan MTH e nap enstale yo ak tout sistèm.

Enfo
Jwen nou
Swiv nou

Voye mesaj pou nou

avi ou enpòtan pou nou 
kritik ak komantè ap pèmèt nou amelyore.

Veuillez activer JavaScript dans votre navigateur pour remplir ce formulaire.
Review Your Cart
0
Add Coupon Code
Subtotal

 
Retour en haut